Enskripsyon Konkou Debat Ayiti 2027
DEBAT AYITI se yon espas edikatif k ap ranfòse lidèchip ak lespri kritik jèn yo atravè deba akademik nan lang kreyòl.Nou ankouraje jèn yo reflechi, konfwonte lide yo epi patisipe nan konstriksyon yon sosyete ki chita sou konesans ak dyalòg.
Nou ankouraje devlopman kapasite refleksyon kritik, agimantasyon ak ekspresyon oral.
Nou ankouraje jèn yo pran inisyativ, devlope kapasite yo epi kontribye nan sosyete a.
Yon nouvo espas pou elèv lekòl segondè yo devlope kapasite refleksyon kritik, elokans ak agimantasyon an kreyòl ayisyen.
Atravè Konkou Debat Ayiti 2027 la, nou vle ankouraje yon jenerasyon jèn ki kapab analize pwoblèm sosyete a, defann lide yo avèk agiman solid epi respekte opinyon lòt moun.
Nou kwè kapasite pou reflechi, kesyone, diskite ak defann lide se fondasyon yon lidèchip responsab.
Se poutèt sa, DEBAT AYITI travay pou ankouraje kilti deba akademik nan lang kreyòl, ranfòse panse kritik jèn yo epi kreye opòtinite pou yo devlope kapasite entelektyèl ak lidèchip yo.
Ann konstwi avni an ansanm
Ou se yon elèv, yon pwofesè, yon lekòl, yon volontè oswa yon patnè ki enterese nan edikasyon ak devlopman jèn yo? Gen plizyè fason pou ou kontribye nan misyon DEBAT AYITI.