Enskripsyon Konkou Debat Ayiti 2027
"Misyon Debat Ayiti se ankouraje epi devlope pratik deba akademik estriktire nan lang kreyòl ayisyen sou tout teritwa nasyonal la. N ap travay aktivman pou pwomosyon ak valorizasyon lang manman ak papa nou kòm yon zouti ekselans entelektyèl, avèk objektif pou n ranfòse lidèchip, lespri kritik, ak elokans lakay sitwayen yo."
"Vizyon nou se wè yon nouvo jenerasyon sitwayen an Ayiti ki kapab pale ak konfyans, k ap angaje yo pou yon chanjman sosyal pozitif, epi k ap bati yon sosyete kote dyalòg demokratik la ap dire tout bon."
Debat Ayiti se yon òganizasyon sosyo-kiltirèl ak edikatif ki fèt nan lide pou ankouraje kilti deba, tande lòt, ak lidèchip nan mitan jèn yo nan peyi Ayiti. Nou kwè fèmman fòmasyon entelektyèl ak sivik jèn yo se poto mitan pou konstriksyon yon sosyete ki chita sou demokrasi ak respè dwa moun.
Nou vize pi gwo kalite nan tout sa n ap fè. Kit se nan estrikti deba yo oswa nan itilizasyon kreyòl la, nou chèche pwofesyonalis ki fè nou tounen yon referans solid nan tout peyi a.
Onètete se baz nou. Nou ankouraje deba ki chita sou verite ak prèv syantifik, pandan n ap jere òganizasyon an ak relasyon nou ak patnè yo nan yon transparans total.
Nou fòme lidè ki konn pran responsablite yo. Pou nou menm, kapasite pou yon moun defann yon lide avèk elokans ak agiman solid se premye pa pou li vin yon motè chanjman nan kominote li.
Nou defann respè pou chak grenn moun ak fyète pou lang kreyòl la. Nou kwè fèmman chak Ayisyen dwe santi yo fyè de kapasite entelektyèl yo san okenn konplèks enferyorite parapo ak lòt lang.
Nou garanti menm chans ak menm resous pou tout moun sou tout teritwa nasyonal la. Nou kwè nan yon jistis sosyal kote chak vwa, kit se ti moun kit se gwo moun, gen plas li nan dyalòg demokratik la.
N ap prepare jenerasyon k ap vini yo. Nou pran angajman pou n pase konesans, metòd refleksyon, ak valè sa yo bay jèn yo pou kilti deba a ka anrasinen nèt nan sosyete a kòm yon eritaj k ap dire.
Kòdonatè Jeneral & Fondatè
Kòdonatè Adjwen
Repons Finans
Sekretè Administratif
Rep. Pwogram Ak Pedagoji